Floral 09
Official Obituary of

Marie Fenelon Louis

December 15, 1929 ~ June 5, 2018 (age 88) 88 Years Old

Marie Louis Obituary

Marie Dessein Fenelon pran nesans jou kite 5 desanm 1929 nan lakou Sanoix, Premye Seksyon Kominal Machan Desalin nan peyidayiti. Li mouri 5 jwen 2018 nan lakou Queens NY peyi meriken ak 88 lane. Li se pitit fi Moinon Fenelon avèk Mariane Datilus. Li se premye nan 7 pitit manman fè ak papa li. Li se yon peyizan, pitit yon peyizan kiltivatè latè nan Sanoix. Marie Dessein Fenelon sòti nan yon fanmi evan  jelik. Li grandi non yon fanmi evanjelik. Li marye nan lag 20 tan avèk Merziuis Louis, yon kiltivatè latè, yon komèsan, predikatè levanjil, ansyen monitè ekòl du dimanche, diak trezorye nan leglis Sanoix ki desede.

Mariag Marie Fenelon marye avèk Merzius Louis nan lag  20 tan bay nesans ak 16 pitit: 4 pitit gason ak 12 pitit fi. Li pèdi 2 pitit fi ak 2 pitit gason nan granmoun. Jodia l-genyen 2 gason ki vivan avèk 10 pitit fi ki vivan. Plizyè ladan yo prezan devan kadav kò manman yo. Genyen lòt, tankou Sonia Moriset, kise 9ème pitit li, anpèche nan peyi Lafrans akòz yon operasyon li fe nan do l. Rodrigue Louis, Yvrose Louis, Agathe Louis ak Guislène Louis anpèche an Ayiti pou yo antre.

Marie Fenelon genyen 24 pitit-pitit. Rodrigue Louis genyen 2 pitit: Alan ak Alancia, Lucrèce Louis Vernet genyen yon sèl gason: Eder Vernet. Bernadette Jolibois genyen 2 pitit: Jeff Jolibois ak Kemberly Jolibois. Lorette Orcel desede genyen 2 pitit: Landie Renaudin Orcel ak  Kervens Orcel. Pastè Pierre Antoine Louis genyen 4 pitit: Pascal Louis, Emmanuel Bertrand Louis, Daphney Louis, Makaylee Louis, yon bèlfi ak 2 bofis.

Sonia Morisette genyen 3 gason: Childer Morisset, Marcelin Morisset ak Edouard Moriset kap viv nan peyi Lafrans. Marie Lourdes Michel genyen 2 gason: Wideler Amed Michel ak Louseberg Michel. Judith Alexandre Louis genyen 5 pitit: 4 fi ak yon gason: Nahouna Lafleur Alexandre, Neithka Esther Alexandre, Tanisha   Alexandre, Ezekiel  Alexandre ak Oprah Destine Alexandre. Manousse Alexandre genyen 2 pitit fi: Prunie Alexandre ak Princee Alexandre. Gertha Florily Louis bonè pèdi pitit gason li.

Marie Dessein Fenelon se yon manman modèl ki leve pitit li nan lakrent pou Bondye. Li te yon monitè ekòl du dimanche nan legliz Sanoix an Ayiti. Li te yon danm misyonè, ouvriye-aktif nan legliz Philadephie. Li te diakonès nan legliz Schekina  Restoration Christian Church. Li se yon sèvant de priyè ke Bondye sèvi anpil avèk, yon konbatan sou jenou. Li trepase debou devan lanmò ak kantik sila: Sûr de la victoire, soldats du Seigneur, marchez chanter gloire tu seras vainqueur, le grand Capitaine, qui va devant toi, te la rend certaine combat avec foi...

Marie D. Fenelon te antre nan peyi meriken nan okazyon òdinasyon pitit gason-l kòm pastè administratè leglis La Schekina nan yon sikonktans mirakilez. Li devanse nou. Li deja monte anwò Lakay Bondye nan lespwa na wè li byento akote Kris nan Tabenak Selès la. Amen.

 

 

To send flowers to the family or plant a tree in memory of Marie Fenelon Louis, please visit our floral store.

Friends and family have shared their relationship to show their support.
How do you know Marie Fenelon Louis?
We are sorry for your loss.
Help others honor Marie's memory.
Email
Print
Copy

Services

Visitation
Saturday
June 16, 2018

8:00 AM to 9:30 AM
Sanctification Assembly of God
490 Hillside Avenue
Orange, NJ 07050

Funeral Service
Saturday
June 16, 2018

9:30 AM
Sanctification Assembly of God
490 Hillside Avenue
Orange, NJ 07050

SHARE OBITUARY

© 2024 Island Memorial Funeral Home. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS & TA | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility