Coping with Grief
We would like to offer our sincere support to anyone coping with grief. Enter your email below for our complimentary daily grief messages. Messages run for up to one year and you can stop at any time. Your email will not be used for any other purpose.
Cliford François ke kèk Zanmi konn rele blòdis. Te fèt 14 oktob 1963 nan vil Jérémie e se la li te pase tout anfans li. Li te fini etid primè ak segondè li la, lanmou li pou edikasyon te ranfòse jèn admire valè, respè, kouraj ak pèseverans.
Cliford François se pitit Anette Desmond ak pitit Belony François ki malerezman tou de bay lavi do, Cliford fèt nan mitan 5 frè ak sè: Jean Gytel Desmond, Pierre Meta Joseph, Yasmine François, Marie Frantze Boyer, Marjorie François, Ernst François, ak Lesly François, men se li ki piti. Li te grandi nan yon kay ki te ranpli ak lanmou epi solidarite.
Ero sa n ap gade jounen Jodi a ki kouche san pale a, li kite dèyè madanm li: Pascal Montrose ak 6 pitit ke li te renmen anpil: Lovely François Désir, Samahir François, Jorie Dorival François, Dave Rutherford François, ak Marafina Naama François, Yve Robert Vincent. Yo te fyète li, lajwa li, se woz nan pye rozye motivasyon li.
Cliford te rive onore ak yon tit Pastè pa paske li te etidye tewoloji, men pou lafwa, lanmou, pasyon, respè li genyen pou Bondye. Li pap pase yon jounen san priye nan bon kou nan move tan li pat janm detounen rega li sou prezans Bondye andeyò vi lelijyez li, travay se kle libète pou li. Li te pase plizyè ane nan lavi li ap sèvi ak devouman nan DINEPA. Sans responsabilite li, seryozite li, ak angajman li te demontre dezi li pou kontribye nan byennèt lòt moun. Se moun ki te trè sosyab, ki renmen tout moun san konte fanmi l ak Zanmi. Yon brav gason sa a, yon poto mitan genyen 5 pitit pitit. Kerby Jolicoeur Samir Yann Antonin Saicha Anne Livy François Meghan Keirah Desir Esther Camille François.
Jodi a, menm si lanmò li kite yon gwo vid, lanmou ak rekonesans. Eritaj li ap kontinye jayi nan kè tout fanmi li, ak tout moun ki te renmen li.
Nan moman tristès sa yo, se pou nou jwenn rekonfò nan souvni nou pataje ak nan lanmou li te kite pou nou an,
Samuelle BOYER Nohemie BOYER Myr Helene BOYER Maranatha BOYER Darline Desmond Fabiola Desmond se nyès ke papam te renmen anpil
Ke nanm ou jwen repo etenel kew tap priye pou li a.
If You Would Like To Send A Flower Arrangement To The Service Being Held On Saturday, May 9, 2026, Please Be Aware That The Deadline For Ordering Through Our Online Portal Is Thursday, May 7th, 2026, AT 12:00 PM.
ANY ORDERS PLACED AFTER 05/07/2026, 12:00PM WILL NOT BE PROCESSED.
To send flowers to the family or plant a tree in memory of Clifford Francois, please visit our floral store.