Coping with Grief
We would like to offer our sincere support to anyone coping with grief. Enter your email below for our complimentary daily grief messages. Messages run for up to one year and you can stop at any time. Your email will not be used for any other purpose.
Obituary pou Edenige “Tikout” Collin
Se ak anpil tristès ak kè lou nou anonse lanmò manman nou renmen anpil, Edenige Collin, ke anpil moun te konnen ak ti non afeksyon li “Tikout”, ki kite nou nan dat 12 Mas 2026, a laj de 64 an.
Edenige Collin te fèt 28 Desanm 1961. Li se pitit Espera Collin ak manman li Emanie, ki deja desede. Pandan tout lavi li, li te yon fanm ki te gen anpil lanmou, jantiyès, ak jenewozite pou tout moun.
Li kite dèyè pitit li yo: Juska, Midline, ak Junior; pitit pitit li yo: Midahika, Mickailah, Niorlensky, ak Caleb; sè li yo: Mida, Erzulie, ak Esther; neve ak niès li yo: Noëlinda, Dieulen, Roseland, Jessica, Emanuel, ak Miguerson; kouzen ak kouzine li yo: Kens, Alliance, Marie Carmen, Marjorie, ak anpil lòt ankò; ansanm ak matant li Nanna Louis.
Edenige te yon fanm lafwa. Li te renmen legliz anpil e li pa t janm rate sèvis, sof si li te malad. Li te gen yon gwo pasyon pou fè manje, e li te toujou pare pou pataje sa li genyen ak lòt moun. Li te renmen travay anpil, li te renmen chante mizik evanjelik, epi li te toujou pran jounal chak jou. Tikout te yon moun tout moun te renmen — vre wi, tout moun se moun pa li.
Soufrans sa a frape anpil fanmi ak zanmi, espesyalman fanmi Collin, Jerome, Joseph, Jean Baptiste, Sejour, Cajuste, Cius, Louis, ak Fenelon. Nan moman difisil sa a, nou voye anpil kouraj ak lanmou pou yo.
Nou pap janm bliye lanmou li, jantiyès li, ak tout bon jan aksyon li te fè pandan li te viv. Souvni li ap rete vivan nan kè nou pou tout tan.
Repoze anpè, Tikout. Nou renmen ou anpil e nou pap janm bliye ou.
If You Would Like To Send A Flower Arrangement To The Service Being Held On Saturday, April 4, 2026, Please Be Aware That The Deadline For Ordering Through Our Online Portal Is Thursday, April 2, 2026, AT 12:00 PM.
ANY ORDERS PLACED AFTER 04/02/2026, 12:00PM WILL NOT BE PROCESSED.
To send flowers to the family or plant a tree in memory of Edenige Collin, please visit our floral store.