Coping with Grief
We would like to offer our sincere support to anyone coping with grief. Enter your email below for our complimentary daily grief messages. Messages run for up to one year and you can stop at any time. Your email will not be used for any other purpose.
Erene, Jean-Denis
Born
March 11, 1970
Petite Rivière de l'Artibonite, Haiti
Entered Eternal Rest
July 20, 2026
11:00 p.m.
"Mwen se rezirèksyon an ak lavi a. Moun ki mete konfyans yo nan mwen, menm si yo mouri, y'a viv." Jan 11:25
Se avèk anpil tristès ak lapenn nou anonse depa chè manman, sè, ak grann nou an, Erene Jean-Denis.
Erene fèt nan Petite Rivière de l'Artibonite nan dat 11 mas 1970, a 10:00 nan maten. Li kite lavi sa a nan dat 20 jiyè 2026, a 11:00 nan aswè, apre li te sibi yon gwo atak sèvo (stroke) nan dat 17 jiyè 2026, a 2:46 nan aprèmidi.
Manman Erene te rele Saintalèse Saintil, epi papa li te rele Ismane Leclerc. Paran li yo te fè kat (4) pitit: twa (3) gason ak yon (1) fi. Frè ak sè li yo se Erene Jean-Denis, Dickenson Leclerc, ansanm ak de lòt frè ki deja ale anvan li. Jodi a, avèk anpil doulè, sèlman Dickenson Leclerc rete vivan.
Pandan lavi li, Erene te travay di. Li te konn travay latè epi fè komès pou pran swen fanmi li.
Li kite dèyè twa (3) pitit li renmen anpil: de (2) pitit fi, Wislene Clairejus ak Lancia Clairejus, ki se menm manman ak menm papa, ansanm ak yon (1) pitit gason, Fecky Jean, ki soti nan yon lòt relasyon. Li te beni tou ak twa (3) pitit pitit ki te pote anpil lajwa nan lavi li.
Apre papa Fecky te mouri an 2006, Erene te deside viv pou kont li. Li pa t janm marye.
Erene te gen yon karaktè senp. Li te renmen pran repo anpil, men sa pa t janm anpeche l pran swen pitit li yo ak montre yo lanmou yon manman.
Nan premye pati lavi li, Erene pa t kwè ni nan Satan ni nan Bondye. Men, avèk tan, li te rive konprann se nan Bondye sèlman li te kapab jwenn lavi ki pap janm fini an. Li te aksepte Jezikri kòm Sovè pèsonèl li epi li te deside mache avèk Senyè a. Konfyans sa a ban nou espwa ke jodi a li repoze nan prezans Papa nou ki nan syèl la.
Depa Erene rive apre yon evènman ki te boulvèse lavi fanmi an. Pitit li yo pap janm bliye doulè ak soufrans yo te viv pandan de (2) zan ak yon (1) mwa li te pase Ozetazini. Malgre lapenn lan gwo, yo va toujou sonje lanmou, sakrifis, ak bèl souvni li kite dèyè.
Nou remèsye Bondye pou lavi Erene Jean-Denis. Menmsi li kite nou fizikman, souvni li, lanmou li, ak eritaj li ap rete vivan nan kè fanmi li, zanmi li, ak tout moun ki te konnen li.
"Seyè a bay, Seyè a wete; benediksyon pou non Seyè a." — Jòb 1:21
Acknowledgement
Fanmi Jean-Denis, Leclerc, ak Clairejus remèsye tout fanmi, zanmi, vwazen, ak legliz ki te sipòte yo ak lapriyè, vizit, mesaj, ak tout lòt jès lanmou pandan moman douloure sa a. Prezans nou ak sipò nou pote anpil rekonfò pou fanmi an.
Se pou Bondye beni nou chak abondamman.
If You Would Like To Send A Flower Arrangement To The Service Being Held On Saturday, August 1, 2026. Please Be Aware That The Deadline For Ordering Through Our Online Portal Is Thursday, July 30, 2026, AT 12:00 PM.
ANY ORDERS PLACED AFTER 07/30/2026, 12:00PM WILL NOT BE PROCESSED.
To send flowers to the family or plant a tree in memory of Erne Leclerc, please visit our floral store.