Madam e Mesye Bonjou.
Jodia ki se 5 avril 2025 nou tout reyni pou ran’n yon dènyé omaj ak Ersulia Demosthenes.
Gran’n mwen Ersulia Demosthenes fet nan yon dat kite 14 Novan’m 1925 lewogan’n nan lokalité Flon li kite nou nan dat kite 25 Mas 2025, laj li se 99 ane 4 mwa 11 jou. Ersulia Demosthenes se pitit Ismene zeno ak Mescene Demosthenes, se te sel pitit manman l te genyen men li t gen 6 frè ak sè bó papal Frè yo se Souverain François Werner,Fabian Souverain,Savrassa Souverain,Recoudie Souverain,Dieumete Souverain, Lauretta Souverain. Gran’n mwen te fè 9 pitit 3 gason 6 fiy; li te pedi 3 gason yo depi nan beso. Li kite 18 pitit pitit . et 21 pitit pitit ptit.
Ersulia te yon komèsant E kiltivatris se travay du sa so yo li t konen fè pou li te ka leve epi fè edukasyon pitit li yo ak respè e diynité, Esulia te asepté jezi bonè nan vi li, li te manb nan legliz ayiti ki rele legliz rédemption chrétienne ki te dirigé par Pasteur Jean Baptiste Jean Louis ki te bofis li e ki mouri ane ki sot passe a 2024.
Esulia: te kite Ayti nan lane 1991 se te pitit li Florette kite rantre li etazini li te desan’n lakay li Filadelfia, li te tjrs ale legliz. Gran’n mwen se te manman tout moun li t toujou pataje tout sa li t genyen tout se pitit li ,Gran’n mwen kite kwè nan Bon Dye li te toujou ap répete (Bon Dye granmoun li fè sa li vle ). Ersulia se te yon moun kite renmen tout moun e li te yon manman spirityèl,.li te toujou nan sevis priyè pitit li yo t pran menm chimen legliz sa kom yon eritaj, li mouri lakay Bondye .
Min 6 non Pitit Esulia te fè.
-Marie Immacula Jajoute, Anne Marie Jajoute, Nelite St Felix, li mouri, Florette Dorvil, Marie Marthe innocent, Marie Demosthenes.
-Pitit piti:Yolvie Jean Louis, Jean Waldo Jean Louis, Lenda Civil, Laudette Jean Louis, Sherly Civil, Jean Dolce, Jean Louis, Jean Eliezer, Jean Louis, Christina Civil, Jovany Jean Louis, Nathalie Exantus, Spersen Louis, Wadly Civil, Jonathan Exantus, Joseph Innocent, Sholin Dorvil, Angela Dorvil, Rebecca Exantus, Marshall Demosthenes.
-Pitit pitit pitit : Jimmy Jean Louis, Jayson Genozier, Shelda Jean Louis, Oluwakemi Victoria, Mariah Jean Louis, Madilynn Jean Louis, Zion Jean Louis, Madeline Jean Louis, Mylah Zena, Troy Zena, Ariah Isabella Ermonna, Valdo Jean Louis, Melanie jean Louis, Ella Jean Louis
Gran’n soule ale en pè nou kitew nan men Bondye ke nanm ou beni.
If You Would Like To Send A Flower Arrangement To The Service Being Held On Saturday, April 05, 2025, Please Be Aware That The Deadline For Ordering Through Our Online Portal Is Thursday, April 03, 2025, AT 2:00 PM; ANY ORDERS PLACED AFTER 04/03/2025, 2:00PM WILL NOT BE PROCESSED.
Si vous souhaitez envoyer une composition florale au service qui aura lieu le samedi 5 avril 2025, sachez que la date limite pour commander via notre portail en ligne est le jeudi 3 avril 2025, à 14h00 ; TOUTE COMMANDE PASSÉE APRÈS LE 04/03/2025, 14h00 NE SERA PAS TRAITÉE.
To send flowers
to the family or plant a tree
in memory of Ersulia Demosthenes, please visit our floral store.