Coping with Grief
We would like to offer our sincere support to anyone coping with grief. Enter your email below for our complimentary daily grief messages. Messages run for up to one year and you can stop at any time. Your email will not be used for any other purpose.
Frankel Joseph Pierre fét nan dat 20 Me 1940 nan Dobey ,2êm Seksyon nan Komin Desalin. Se te yon papa, yon granpapa, yon frê, yon tonton, yon kouzen, yon fanmi e yon zanmi ke tout moun ta renmen genyen. Pandan prêske 85 lane Li te pase sou late, nan mitan nou, Frankel te toujou yon modêl pou res fanmi an, yon referans pou tout zanmil.
Ki moun ki te konn Frankel ki pa t toujou renmen pase tan bo kote l?
Frankel, se te yon moun ki te gen bon kê. Li te renmen pataje tout sa I genyen ak lót moun. Li te konn valé lekol epi Li te toujou ankouraje ak sipote ti frê l, ti sé l, ti fanmil ki te vle aprann.
Frankel se te yon gason kanson, yon nég ki te gen anpil karaktê ak gwo rev. Li te respekte tét li anpil, Se pa t moun ki te janm aksepte yo obsêve l de fwa pou yon menm eré. Li pa t janm pe afwonte tout sa Lavi te voye sou chimen l. kom yon neg a vizyon Li te deside kite peyi dayiti fas avek problem politik yo pou Li te ka al pouswiv rev Li nan yon lot peyi ki se Nassau (Bahamas) en 1966. Apre yon bout tan I te pase nan peyi sa a, li deside, nan lane 1971, antre Etazini pou I al kontinye bouske rêv li. Malgre desizyon sa a ki te voye I kanpe lwen Ayiti, Frankel pa t janm sispann panse ak devlopman peyi dayiti.
Deba politik, se te pi gwo pasyon Frankel. Li te renmen Ayiti anpil anpil. Tout moun ki te gen chans viv pre Frankel te konn Sa tou.
Kate pou w jwenn li pi fasil, konnen se kote Ayisyen rankontre
souvan pou pale koze lakay, koze politik. Youn nan kote Li te renmen plis pase tan Li se nan Barbershop Strand, Brooklyn nouyok avek zanmil yo. jou ki te premye fevriye 2025 lan pandan li te nan wout, pou li te ale fe yon ti deba avek zanmil yo nan barbershop la, malerezman se te denye jou li sou te a, granmet la te rele Li.
Frankel, kite 7 se ak 8 fre deye: Madan Pascal Philippe, Esther Joseph ( Yanick), Madan Dantes Desir, Madan Mo"ise Zamor, Madan Duva (Clermicia Pierre), Marie Pierre Joseph (Lolot), Sylvienne Pierre, Lux Joseph, Wilson Joseph, Eslange Joseph, Saintilus Pierre, Nabius Joseph (Gaby), Moliere Joseph, Ulrick Pierre, ak Clermont Joseph, Plis, fanmi 7 fre l yo kite gentan janbe anvan l yo: Occean Joseph, Maxo Joseph, Arioste Joseph, Metellus Joseph, Edner Joseph, Meraus Joseph, ak fanmi Roosevelt; plus kouzen, kouzine, neve, niece lot fanmi lwen e pre ke nou pa site non yo. yon spesyal remesiman avek fanmi chery (carole,gina,ricardo), san nou pa bliye tau pakét zanmi l yo nan baz "Barbershop Strand [Brooklyn" yo, nou wete chapo nou byen ba jodi a devan kadav ou. Nou di w mèsi anpil pou tout sa k bon ou te reprezante pou nou. Wap toujou rete nan kè nou ak nan lespri nou tout. Wap toujou rete yon sous enspirasyon pou nou tout.
"Bon Vwayaj!"
Ale tèt dwat, san gade dèyè! Mèsi.-
If You Would Like To Send A Flower Arrangement To The Service Being Held On Friday, February 21, 2025, Please Be Aware That The Deadline For Ordering Through Our Online Portal Is Wednesday, February 19, 2025, AT 2:00 PM; ANY ORDERS PLACED AFTER 02/19/2025, 2:00PM WILL NOT BE PROCESSED.
Si vous souhaitez envoyer une composition florale au service qui aura lieu le vendredi 21 février 2025, sachez que la date limite pour passer commande via notre portail en ligne est le mercredi 19 février 2025, à 14h00; TOUTE COMMANDE PASSÉE APRÈS LE 19/02/2025, 14h00 NE SERA PAS TRAITÉE.
To send flowers to the family or plant a tree in memory of Frankel Joseph Pierre, please visit our floral store.