Candles
Official Obituary of

Harry Celestin

January 4, 1975 ~ August 18, 2024 (age 49) 49 Years Old
Obituary Image

Harry Celestin Obituary

Harry Celestin fèt 4 janvier nan lane 1975 e li mouri jou ki te 18 août la. Se te pitit Jacqueline Celestin ak Michel Luc e li te gen chans grandi ak granmè li Similia Chery. Tankou Anpil timoun li fè klas fondamental li ak etid segondè li ak kek etid profesyonel li. Harry Celestin te rankontre ak premye madanm li nan lane 1994 e yo te rive marye nan lane 1999. Harry se Moun tout Moun li respekte tout Moun si w pa pase Anpil tan bò kote li wap toujou panse li se yon ti mouton. Harry te toujou pare pou li pataje sa li genyen ak lòt Moun, tout moun ki te chans fè konsekans ak li te renmen l pou fason l ak sajès li pou fason li konn toujou ye ak yo konsa tou lè li fâché ou pap rive rekonet nan li Moun ou te konnen avan an. Harry Celestin te sèvi peyi li nan enstitisyon lapolis la kote li te pase nan plizyè inite li te pati de trèzyèm pwomosyon polis la. Harry se te papa 4 pitit yon fi ak 3 gason , li fè premye pitit li nan lane 2001 Rachid Emmanuel Celestin ki ta pral mouri nan yon ti tan ki pa two long, dezyèm pitit li nan lane 2003 Naika Christina Celestin, twazyèm pitit li nan lane 2009 Carl Luidjy Garcia Celestin ak katriyèm pitit li Heden Carl Celestin ki gen 3 ane pou kounyeya. Frè ak Sè sou manman li yo ,Hélène Bouzi, Romane Charles, Yves Junior Celestin, Evans Josué, Ritchy Celestin. Nyès ak névé sou bò manman li yo, Jeanette, Jeneffer, Sacha, Brihanna, Kisha, Sasha, Debora, Derick, Rodney, Jonathan, Jeffrey, Kenny, Roméo ak kouzen li Léon. Frè ak sè sou bò papa li yo, Carmelle Luc, Charlot Luc, Widmayer Luc, Nerva Luc. Nyès ak névé li yo: Sandra, Berline, Widenie, Marvin, Kingsley, Kiyanah, Valmayer, India, Carmel. Kouzen ak kouzin li yo: Ernst, Alix, Hérold, Myrlène ak prospère. Tout sa ki te komanse fok genyen yon fen nap di mèsi ak tout fanmi zanmi ki te fè deplasman pou vin sipòte nou nan moman difisil sa tout polisye konfrè dam li yo klas 13 la ki fè deplasman pou vin rann li yon denye omaj pitit ou yo fanmi w ak zanmi w yo pap janm bliye ou ale anpè papi

Si w ta renmen voye yon aranjman flè nan sèvis k ap fèt samdi 14 septanm 2024 la, tanpri sonje dat limit pou kòmande atravè pòtal sou entènèt nou an se Jedi 12 septanm 2024, A 2:00 PM; NENPÒT LÒD KI METE APRÈ 09/12/2024, 2:00PM PAP PWOSESE.

If You Would Like To Send A Flower Arrangement To The Service Being Held On Saturday, September 14, 2024, Please Be Aware That The Deadline For Ordering Through Our Online Portal Is Thursday, September 12, 2024, AT 2:00 PM; ANY ORDERS PLACED AFTER 09/12/2024, 2:00PM WILL NOT BE PROCESSED. 

To send flowers to the family or plant a tree in memory of Harry Celestin, please visit our floral store.


Services

Visitation
Saturday
September 14, 2024

9:00 AM to 10:00 AM
Island Memorial Funeral Home
49 S Munn Ave
East Orange, New Jersey 07017
 

Video is available for this event



Funeral Service
Saturday
September 14, 2024

10:00 AM
Island Memorial Funeral Home
49 S Munn Ave
East Orange, New Jersey 07017

Reception

NJ Gourmet
560 Main Street
East Orange, NJ 07018-3681

SHARE OBITUARY

© 2026 Island Memorial Funeral Home. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS & TA | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility