Coping with Grief
We would like to offer our sincere support to anyone coping with grief. Enter your email below for our complimentary daily grief messages. Messages run for up to one year and you can stop at any time. Your email will not be used for any other purpose.
Manman m’, Marie Andrelina Laplante te fet Bainet 20 me 1950. Papa li te rele Monaster Laplante e manman li te rele Angela Miscadin. Li te pase premye ane lavi l’ Bainet, kote l te fe premye pitit li Eguins Jean-Pierre a 26 an. Li te marye avek Jean Junis Rabrun a 29 an. Ansanm yo te fe 6 pitit ki se Michael Rabrun, Nael Rabrun, Adonija Rabrun, Bernard Jean Rabrun, Marie Micana Rabrun, Itana Rabrun. Li te gen yon pitit adoptif ki rele Renord David. Avan l te mouri Bondye te ba li chans we plizye pitit pitit li.
5 mo ki dekri manmanm pi byen se Kretyen, Manman, Kouraj, Sansibilite avek Bonte. Kretyente manmanm pat yon pati de li menm men pito sal te ye nan integralite l, li te yon moun ki pat janm bouke priye ni nan lajwa ni nan lapen. Nenpot sikonstans nan lavil te reprezante yon bon rezon pou l priye. Li te yon dam misyone, li te renmen evangelize e preche. Li pat Selman krent lwa Bondye yo li te renmen e respekte yo e li pat janm suspann defann yo avek tout fos li. Li te souven di levanjil pa l’ la pa ka mélange.
Li te jan de manman ki toujou pase byennet pitit li an premye. Li te yon manman gerye ki pat janm bouke travay pou okupe pitit li. Li pat janm ezite bay tout swe l’ e menm san l’ pou pran swen pitit li yo. Pyes sakrisfis pat janm tro gran si se pou li pran swen pitit li. Li te yon komesant le li te ayiti. Pi gro kalite l’ antanke manman se paske l’ toujou sou jenou l’ ap entercede devan Bondye pou pitit li yo.
Manmanm te komanse travay depi nan adolesans li, okenn komes pat janm ni tro raz e ni tro lou pou l’ fe. Li te jan de fanm le li gen 3 li pa manje tout men li pito manje youn e utilize intelijans li pou li multipliye res 2 a. Se maladi ki fel suspann travay. Laj, lavi di oubyen espwa sou pitit li pat janm yon rezon pou l te suspann travay. Li te jan de solda ki te toujou vle rete sou pye l. Pou pale de sansibilite manmanm , map jus ba nou yon ti istwa. Li te ansent sizyem pitit tou pret pou li akouche le yon mesye ki te bay paste Eguins yon kou pandan Nana pat la. Le li vini li ale kote mesye a pou li te mandel sak te pase men mesye a ba li yon kalot. Le pitit la fet li fet a bo vizaj li nwa epi papa m te deside fe arete mesye a men le polis yo vini li met ajenou nan pye yo pou yo pa ale ak mesye a. Le yon moun blesel li plus panse a padonel ke vanjans. Dlo l toujou pre pou moun ki ap soufri menm le li pa konn moun nan.
Bonte manmanm gen gro rapo avek sansisibilite l. Paske li sansib sa fe li toujou vle ede tout moun. Li pa fe diferans ant moun le pou li ede moun. Li te nan minister lopital avek minister prizon. Pandanl etazini le desanb rive li fe yon lis de tplizye moun li konnen ki nan bezwen pou l’ ede .
Jodi a nou reyini pou nou salye depa yon gran dam ki te gen yon gran ke, yon fanm vanyant, yon fanm de priye, youn moun ki te toujou vle fe tout moun bo kotel byen. Se vre depa li fe nou yon gran penn men nou konsole le nou sonje ke se afe Bondye li te ye e li jus al jwenn papa l’. Nou sur ke nanm li ap repose an pe.
To send flowers to the family or plant a tree in memory of Marie Laplante, please visit our floral store.