Cherry Blossoms
Official Obituary of

Marie D. Romulus

October 18, 1946 ~ December 21, 2020 (age 74) 74 Years Old

Marie Romulus Obituary

 

          Marie Dieurisna Simon, pifò moun nan fanmi an te konnen sou non ” Ti Grann” oubyen “Anvi Grann”,  te fèt Cazale yon ti vilaj ki sitiye a anviwon 70 kilomèt de Pòtoprens, nan dat ki te 18 Oktòb 1946. Li se pitit Doudoune Dorcelian ak Dieus Simon.  Li se premye pitit pami 8 nan fanmi an.

          Pandan l te nan klas primè Ti Grann ta pral viv ak marenn li Maria Romulus ki te abite Akayè, e se la l te pase tout jenès li. Se marenn nan ki te elve l e ki te  montre l fè komès. Li te renmen l anpil, li toujou ap pale de li. Grasa konesans li te vin genyen nan aktivite komès la Ti Grann te anmezi pran swen tèt li, e li te konn ede lòt moun. Jèn komèsan responsab, avèk yon bote natirèl e atiran, Ti Grann te toujou fè efò pou l kenbe diyite l ak respè l jiskaske l vin rankontre ak mwatye pa l, Andre Romulus, ki te tonbe damou pou li. Yo pat pran lontan pou yo marye nan dat ki te 13 Jiyè 1969. Ti Grann te rete fidèl anvè mari l pandan 51 an jiskaske li mouri. Li kite yon bèl egzanp pou tout koup marye jodia.

          Anplis de fidelite l Ti Grann te yon moun ki te vrèman disipline, ki te gen anpil kouraj e ki te renmen moun. Menm lè l te kite Ayiti pou l vin viv ak mari l Brooklyn New York, Ti Grann te toujou kenbe menm prensip ak fòmasyon li te resevwa nan men marenn li, ki mouri sa gen plizyè ane. Li te renmen pitit pitit li yo ak mari l anpil. Se avèk anpil lanmou li te konn pran swen yo. Li te renmen prepare manje ki gen bon gou pou fanmi an.

           Byenke Li pat yon Temwen Jewova, Ti Grann te konn site non Jewova souvan nan konvèzasyon l ak lòt moun. Non sèlman li te konn byen kowopere ak 2 pitit fi l yo, ki yo menm Temwen, men tou li te renmen konpayi frè ak sè yo. Plizyè ladan yo te renmen pale avè l, yo te apresye karaktè l, bonte l, ak fason l aji ak moun. Gen yon koup nan kongregasyon nou an ki renmen l anpil. Yo te trete l tankou se pwòp grann yo.  Depi l pa Ayiti li toujou fè efò pou l asiste memoryal lanmò Kris la avèk nou. Nan anviwon 2 dènye ane li pase avèk Immaculée dezyèm pitit fil la, ki abite New Jersey, li te konn asiste reyinyon yo, adorasyon fanmi an regilyèman, e pafwa li konn menm patisipe. Nou pa konnen jis nan ki pwen li te fè kèk chanjman nan kè l, men Jewova nan sajès li konnen. Nou gen espwa wè l ankò nan mond nouvo a.

          Malerezman akoz Covid-19 la, nou pèdi Ti Grann jou ki te Lendi 21 Desanm 2020 an. Li kite deyè Philoma Simon (desede), Antoine Simon, Venette Simon Jean-Louis Simon Romy Deces Simon, Viviane Simon e Garry Simon. 2 pitit fi: Marie-Andre Isemar e Immaculee Normil. 4 pitit pitit: Dree-nica e Yehou-nic Isemar; Mhani-yah e Lhenee-yah Normil. Bofis li: Wilnic Isemar e Lenex Normil. San nou pa bliye Jonine, Gabby, Jacky e Astrel antanke bofis ak bèlfi ki tap viv avè l Akayè. Mariatine, yon fiyèl li, ak tout lòt tonton, matant, neve, nyès, kouzen ak kouzin ki pataje chagren ak doulè sa.

To send flowers to the family or plant a tree in memory of Marie D. Romulus, please visit our floral store.

Friends and family have shared their relationship to show their support.
How do you know Marie D. Romulus?
We are sorry for your loss.
Help others honor Marie's memory.
Email
Print
Copy

Services

Visitation
Tuesday
December 29, 2020

9:00 AM to 10:00 AM
Island Memorial Funeral Home
49 S Munn Ave
East Orange, New Jersey 07017

Funeral Service
Tuesday
December 29, 2020

10:00 AM
Island Memorial Funeral Home
49 S Munn Ave
East Orange, New Jersey 07017

SHARE OBITUARY

© 2024 Island Memorial Funeral Home. All Rights Reserved. Funeral Home website by CFS & TA | Terms of Use | Privacy Policy | Accessibility